Société

Publié le 11-Jun-2025

24

Li mouri, li kite tout bagay… men madanm li pa resevwa anyen : Sa ou dwe konnen sou rejim maryaj an Ayiti.

Ou ka renmen ak tout kè w. Ou ka mete kè w, kò w, lespwa w, tout ou menm nan relasyon ou.
Men ou gen dwa tou mete tèt ou an sekirite.
Se pa bay lanmou w ap pèdi si ou pran prekosyon. Se respè w ap ajoute sou lanmou a.

An Ayiti, anpil fanm marye ak rèv senp men sakre: mete tèt yo ansanm ak yon gason pou bati yon lavi miyò, grandi ansanm, mete sou pye yon kay, yon avni, epi si Bondye vle, yon fanmi. Yo antre nan maryaj la ak tout kè yo, ak respè, ak fidelite, ak espwa. Yo travay, yo leve bonè chak maten, yo mete lajan sou kote, yo mete timoun lekòl, yo fè manje, yo swanye, yo mete lòd, yo ba gason an respè pafwa — menm lè li pa merite sa. Yo fè tout sa pafwa pou dis, ven, e menm senkant lane — soufrans pa yo tounen devwa.

Gen fanm ki fè tout sa san janmen chita sou biwo notè, san janmen mande ki rejim legal y ap viv ladan l. Paske moun pa janm aprann yo sa. Pafwa, se manman yo ki di yo “sere fanmi w, pa lage maryaj ou”, men yo pa t janm di yo sa lalwa fè ak fanm ki pa konnen dwa yo.

Lè lanmò frape, se pa sèlman chagren ki tonbe sou fanm lan.
Se pa sèlman ke li pèdi lanmou, li pèdi esans lavi l.

Nan al chèche papye. Boom li tande:
– “Kay la sou non mari w sèlman. Pa gen prèv ke se pa yon don li ye”
– “Tè a te akeri pandan maryaj se vre, men li pa rantre nan kominote a paske se te kòb eritaj”
– “Gen 5 pitit deyò ki ka reklame byen papa yo…”
– “Madam lan pa erityè, se pitit yo ki gen dwa…”

Li pase 30, 40 ane ap mete tout sa kanpe, men se pa li lalwa rekonèt.
Li te kwè li te gen dwa paske li te marye, li te fidèl, li te kontribye, li te sakrifye.
Men lalwa pa rekonèt fidèl. Lalwa rekonèt prèv.

Sa k rive fanm sa a, se pa move chans. Se pa yon sò.
Se pa mari a ki pa t renmen l.
Se yon sistèm ki pa t janm ba li zouti pou defann tèt li.

Se rezilta yon rejim maryaj li pa t janm chwazi, li pa t janm konprann, li pa t janm imajine t ap detwi l konsa.

Atik sa a pa ekri pou mete krent nan kè w.
Li pa pou fè ou pè maryaj.
Li pa pou divize fanm ak gason.

Li ekri pou li mete limyè lespri w.
Pou w ka konnen sa lalwa di, sa lalwa pa di, e kijan w ka pran desizyon ki defann tout sa w bati ak tout sa w ye.
Paske lanmou merite diyite.
E fanm pa dwe olye li ap fè dèy maril pou li pran sezisman sa lè lanmò frape.


 Ki sa ki yon “rejim maryaj”?

Rejim maryaj se pa yon konplikasyon, ni yon pawòl avoka pou fè tèt moun fè mal.

Se fason lalwa òganize lavi ekonomik ou ak moun ou marye a.
Li deside ki moun ki posede kisa, kijan nou ka achte, vann, mete ansanm oswa separe byen.
Li fè diferans ant:
– sa ki “pou mwen”
– sa ki “pou ou”
– e sa ki “pou nou”.

An reyalite, rejim maryaj la se baz finans maryaj la. Men pifò moun marye san yo pa janm chita pou mande tèt yo:
– Ki rejim nou ladan l?
– Kisa sa vle di pou mwen, pou pitit mwen, pou avni mwen?

An Ayiti, si ou pa fè okenn chwa espesyal avan maryaj la, gen yon rejim ki tonbe sou ou otomatikman.
Se sa yo rele “rejim kominote de byen”, oswa “rejim legal”, jan lalwa mete l

Sa vle di:
Depi nou marye san kontra, nenpòt byen ou achte pandan maryaj la — menm si se ou sèl ki mete lajan — vin tounen byen "komin".
Kay, machin, kont labank, mobilye, tè… tout sa rantre nan yon sèl panyen.
Se pa sou non ou li ye, se sou non "nou" li ye — menm si se ou ki te mete tout sou tab la.

Ou te ka kwè ou ap bati avni w, men si w pa t byen konprann pati legal dèyè sa ou t ap bati a, ou ka leve demen maten, epi ou pa posede anyen.

Sa ka pi di, si mari w mouri, si pa t gen kontra maryaj, si gen lòt pitit li fè deyò… se ou ki deyò — pandan ke ou te lakay ou.

Konprann rejim maryaj, se pa zafè moun lajan sèlman.
Se pa zafè avoka sèlman.
Se zafè nenpòt fanm oswa gason ki vle marye avèk diyite, ki vle konnen sa y ap antre ladan l.
Se zouti pou w ka deside ak konesans, e non pa viktim de move sipriz.

Anpil fanm ap viv yon kè kase ki doub:
– yo pèdi mari yo
– epi yo pèdi byen yo te bati ansanm
Paske yo pa t janm konnen sa lalwa fè ak sa yo pa t mete sou papye.

Men kounya ou konnen.
E si ou konnen, ou ka pwoteje tèt ou — ak lanmou ou — san w pa janm pèdi diyite w.


 Rejim otomatik lan: Madanm travay, mari pa fè anyen… men li jwenn mwatye

Ann gade verite ki pi frapan:

Yon fanm leve chak maten, li fè “leve kanpe” timoun yo, li al travay, li fè ti ekonomi sou chak goud li. Li mete kò l, lespri l, tan l, sou chak grenn pwojè pou mete yon kay kanpe, achte yon ti tè, mete lajan sou kont labank.
Antretan, mari a “pafwa” pa travay ditou, pa mete anyen nan sou tab la, pafwa menm li mennen lavi l deyò, li pa respekte maryaj la.

E poutan, lalwa di: li gen mwatye!

Wi, depi pa t gen okenn kontra maryaj, depi w marye anba rejim kominote legal, tout sa ki te achte pandan maryaj la tonbe nan kominote a.

Lalwa pa mande:
– Ki moun ki mete kò l nan solèy la?
– Ki moun ki fè ekonomi sou dènye pyès li?
– Ki moun ki achte tè a?
– Ki non ki sou resi yo?

Non. Lalwa sèlman gade: èske nou te marye? E èske nou te chwazi yon lòt rejim?

Si non, sa vle di:
– Tout sa ki achte pandan maryaj la vin "pa nou toude".
– Mari a gen mwatye, menm si li pa mete anyen.
– E si li mouri, madanm lan pa eritye li si li te gen pitit — menmsi se pitit li te fè ak lòt fanm andeyò.
– Pitit deyò yo ap parèt ak papye, e lalwa ap kanpe dèyè yo pou pran sa papa yo kite — pandan madanm legal la, ki te fwi ak rasin maryaj la, pa jwenn anyen nan mwatye pa mari a.

Se pa enjistis lanmou. Se règleman lalwa.

Fanm yo, pa sezi si ou wè tèt ou sòti nan “mèt kay la” pou vin “etranjè legal” nan prop lakay ou, paske ou pa te mete w okouran de sa lalwa di.
Se pa ni trahison ak ni malchans. Se règleman otomatik ki te la depi premye jou maryaj la — men ou pa t konnen.

E lè lanmò frape, li pa bay tan pou re-ekri règleman an.


 Lè pa gen pitit nan maryaj, men mari a fè 5 pitit deyò… kisa k pase lè li mouri ?

Ann pran yon ka reyèl, ki parèt imajinè — men ki deja rive, epi k ap kontinye rive chak ane nan peyi a:

Gen yon fanm ki marye depi 50 lane.
Se li ki leve bonè, al travay, fè ekonomi, achte tè, bati kay, mete lajan sou kont.
Mari a pa janm fè anyen, pa janm pote yon goud.
Men se toujou li ki siyen papye, li ki mete non li sou dokiman, li ki di “nou se mari madanm — tout sa nou genyen, nou mete ansanm.”

Fanm nan pa janm ka fè pitit.
Mari a, li menm, ale fè 5 pitit ak lòt fanm deyò.
Li pa janm di madanm li sa.
Men, lanmò pa mande pèmisyon.
Yon jou, li mouri.

Kisa k pase?

Tout sa ki te achte pandan maryaj la — kay, tè, kont labank, machin — tonbe otomatikman nan kominote byen.
Sa vle di li pa “pou li” ni “pou li”, men li vin tounen byen legal ke lalwa konsidere kòm “ansanm”.
Epi selon Kòd Sivil Ayisyen an, madanm legalman pa erityè si mari a, gen pitit.
Se pitit yo ki eritye.
Menm si pitit sa yo se pitit deyò.

E madanm lan?

Li pa t fè testaman.
Li pa t fè kontra maryaj.
Li pa t gen prèv li mete 100% nan tout sa yo te achte ansanm.
Lalwa pa p sou bò li, paske li pa te pran dispozisyon legal ki pou te mete li sou bò lalwa.

Sa pa gen anyen pou wè ak moral.
Sa pa gen anyen pou wè ak lanmou li te gen pou mari li.
Se sèlman yon dosye legal, ki fè li pèdi tout sa li te bati.


 Men kijan w ka pwoteje tèt ou anvan li two ta

Tout fanm merite konnen sa.

1. Chwazi yon rejim klè, pa kite Leta chwazi pou ou.
Lalwa mete rejim kominote de byen an kòm rejim otomatik.
Men ou gen dwa chwazi rejim “separasyon de byen” ki pèmèt chak moun kenbe byen pa yo apa.

2. Fè yon kontra maryaj ak yon notè.
Sa p ap detwi lanmou — okontrè, li mete lanmou sou bon fondasyon.
Ou ekri sa chak moun pote, kijan nou ap jere sa nou genyen, e kisa ki rive si lanmò oswa divòs frape.

3. Pa mete tout bagay sou non mari.
Fè papye legal. Fè kontra.
Mete non pa ou sou dokiman achte yo.
Si ou achte yon kay, mete sa sou papye, pa jis sou lanmou.

4. Dokimante tout kontribisyon ou.
Pa jis bay, san prèv.
Ou ka renmen, ou ka mete tèt ou antye — men ou ka tou pa bliye ou se yon sitwayèn ki gen dwa legal.

5. Chita pale sou sa.
Diskite avni legal ak moun ou renmen pa vle di ou pa gen konfyans.
Okontrè, sa vle di ou gen respè pou tèt ou — e pou moun ou marye avè l.

6. Si ou deja marye san kontra, pa panike.
Ou ka chanje rejim maryaj la legalman pandan maryaj la.
Sa mande konsantman tou de, men se dwa w.


 Erè ki pi souvan fanm fè… ki koute yo tout

– Kwè lanmou sifi.
– Kwè si li renmen w, li pap janm kite w sou kote.
– Mete tout byen sou non mari.
– Travay pou kominote a, san dokiman.
– Fè tout efò, san konsilte okenn avoka.
– Pa poze kesyon sou testaman.
– Pa chèche konprann diferans ant byen pèsonèl ak byen komin.

Men sa ki rive?

Yon fanm ka pase 30 ane ap bati — epi li pèdi tout sa nan 3 jou.

Se pa lanmou ki fè sa.
Se pa move sò.
Se mank de preparasyon legal.


Lalwa pa padone inosan. Se konesans ki se zam fanm yo.

Nan peyi nou, inosan pa jwenn jistis. Se pa sa ou te panse ki konte — se sa ki sou papye. Se pa kantite lanmou ou bay ki pwoteje w — se prèv legal ou mete.
Lalwa pa padone inosan. Lalwa swiv sa ki ekri.

Fanm yo, tan nou rive.
Tan pou nou pran zafè legal nou an men. Tan pou nou sispann mete konfyans sèlman sou lanmou, epi mete konesans ak konsyans.

Maryaj se lanmou. Wi. Men maryaj se tou yon kontra legal.
Kontra sa gen konsekans sou:
– Ki moun ki eritye w.
– Ki moun ou ka defann si ou mouri.
– Ki jan sa ou bati ap jere si lanmò frape.
– Ki jan ou viv si li pa t kite anyen pou ou.

Ou ka renmen ak tout kè w. Ou ka mete kè w, kò w, lespwa w, tout ou menm nan relasyon ou.
Men ou gen dwa tou mete tèt ou an sekirite.
Se pa bay lanmou w ap pèdi si ou pran prekosyon. Se respè w ap ajoute sou lanmou a.

Se pa anvan lanmò pou w aprann sa… se kounye a.
Se kounye a pou w chita pale.
Se kounye a pou w chèche notè.
Se kounye a pou w ekri kontra.
Se kounye a pou w mete non w sou papye.
Se kounye a pou w aprann sa lalwa di sou ou.

Paske si ou pa chwazi pou tèt ou, lalwa ap chwazi pou ou.
E li pa toujou nan avantaj ou.

Source:
1173 - 1366 CC
Decret 9 Avril 2020, reforme des regimes matrimomiaux

2
0

Carla PAULINICE

Juriste et Administratrice de profession | Mastérante en Sciences Politiques et Relations Internationales.

carlapaulinice3@gmail.com

+509 43 92 1001


Espace commentaires

Commentaires: 0

AUTRES